1.MALADI KADYAK ISKEMIK
Se li ki touye plis moun sou tè a (8.8 milyon nan lane 2016), maladi sa rive lè veso ki pou pote san nan kè a retresi sa ki anpeche kè a/miyokad la (misk kè a) resevwa kantite san ki nesesè pou l fonksyone a. Si l pa trete lap bay doulè nan lestomak, arè kadyak…
Enpak nan mond lan
Menm si li se maladi ki touye plis moun sou latè, depi kèk lane chif sa ap diminye anpil an Ewòp ak anpil kote nan kontinan Ameriken. Rezon an se evolisyon ki gen nan sistèm sante yo ak plis fokis yo pote sou prevansyon konpare ak lane avan yo.
Faktè risk ak Prevansyon
- Tansyon ki wo
- Nivo kolestewòl ki wo
- Fimen
- Moun ki te gen maladi a nan fanmi w déjà
- Dyabèt/Maladi Sik
- Obezite
Ou ka fè prevansyon an ak medikaman oubyen jere sante kè a byen ak mwayen natirèl tankou:
- Fè egzèsis tanzantan
- Byen manje, epi jere gwosè w
- Evite Fimen
2. STWOK
Stwok rive lè san pa ka rive byen nan sèvo a, se swa atè ki pou potes an an gen yon kote li bloke, swa li gen yon kote li pete. Sa pral lakoz selil nan sèvo yo pa ka jwenn san, e depi yo pa jwenn w y ap kòmanse mouri nan yon ti moman. Lè yon moun gen stwok gen diferan bagay li santi tankou manm yo ki vin mòlòlò, konfizyon, pwoblèm pou w wè, pwoblèm pou w mache… Depi w pa trete stwok la, moun lan ap gen anpil chans pou l domaje tout lavi l, dayè STWOK se koz prensipal moun ki domaj sou latè kounya…
Faktè risk ak Prevansyon
- Tansyon ki wo
- Moun ki te gen maladi a nan fanmi w déjà
- Fimen (sitou lè li asosye ak kontraseptif oral)
- Moun ki nwa
- Fanm
Kèk nan faktè sa yo ka redui/diminye ak prevansyon, medikaman ak chanjman nan abitid yon moun. Nòmalman depi w eseye byen jere sante w, sa ap diminye risk pou w gen stwok.
3. Enfeksyon Respiratwa (Anba)
Nou di anba paske, se enfeksyon ki konsène dezyèm pati sistèm respiratwa a (apati trache a). Li ka diferan bagay ki lakoz li tankou :
. « Influenza »
. Nemoni
. Bwonchit
. Tibèkiloz
Nòmalman se viris ki sitou bay tip enfeksyon sa yo (tankou kowonaviris). Bakteri kèk fwa ka lakoz li tou. Touse se siy/sentom prensipal tip enfeksyon sa yo. Ou ka gen tou, difikilte pou w respire, souf wo…Depi li pa trete li ka mennen lanmò
Faktè risk ak Prevansyon
- Grip
- Move kalite lè (w ap respire)
- Fimen
- Sistèm iminitè ki fèb
- Maladi Opresyon
- Enfeksyon VIH
Youn nan pi bon fason pou w fè prevansyon kont enfeksyon respiratwa, se pran vaksen kont grip (flu) chak ane. Apre sa se toujou lave men w souvan, sitou avan ou manje ak manyen figi w. Rete lakay ou epi pran repo jouk ou santi w fè mye.
4. « MPOC » / « COPD » (nou pa tradui l an kreyòl)
« Chronic obstructive pulmonary disease » se yon maladi ki evolye sou plizyè lane nan poumon an, li grandi tanzantan epi li vin bay gwo pwoblèm pou respire. Bwonchit kwonik ak Anfizèm se de egzanp COPD. Nan lane 2004 yo te estime anviwon 64 milyon moun tap viv ak maladi sa sou latè, 16 lane apre chif sa pratikman pa chanje.
Faktè risk ak Prevansyon
- Fimen ak moun ki fimen endirèkteman (lè ou nan antouraj moun kap fimen)
- Eleman ki irite poumon
- Moun ki te gen maladi a nan fanmi w déjà
- Si w te konn gen enfeksyon respiratwa lè w te timoun
Pa gen tretman kont maladi sa, men ou ka ralanti pwogresyon an ak medikaman. Pi bon prevansyon ki genyen se evite fimen.
5. Maladi ALzaymè (Ak lòt demans)
Lè w tande Alzaymè premye sa ki pase nan tèt ou se yon moun ki pèdi memwa men li plis pase sa paske moun lan ka pèdi lavi l tou. Se yon maladi ki ap pwogrese li ye, se pa sèlman memwa a ou pèdi li fè w pèdi tout fonksyon mantal yo tou. Sa vle di ou pèdi memwa, ou pa ka panse, ou pa reflechi, ou pèdi abitid ou elatriye
Alzaymè se tip demans ki plis egziste a, 60-80% ka demans yo se Alzaymè yo ye. Li kòmanse avèk ti difikilte pou w sonje kote ou te mete yon bagay pa egzanp, aprèsa li evolye moun lan kòmanse bliye bagay ki enpòtan pou li, bagay li fenk aprann jouk moun lan kòmanse bliye yon gwo kantite enfòmasyon. Peyi Etazini se youn nan kote ki gen plis ka Alzaymè sou latè, kantite ka yo genyen yo estime ka gen yon ogmanstasyon 100% sou 20 pwochen lane yo.
Faktè risk ak Prevansyon
- 65 lane a plis kòm laj
- Moun ki te gen maladi a nan fanmi w déjà
- Eritye jèn yo nan men paran w
- Sendwon “Down”
- Si w manke viv sen
- Sèks feminen
- Si w te gen yon twomatis nan tèt
Pa vrèman gen fason ou ka fè prevansyon kont Alzaymè. Rechèch yo pa fin twò klè sou sa. Men si ou byen manje, fè espò sa ka ede w
6. Kansè Respiratwa
Lè w di kansè respiratwa, ou di kansè Trache, Kansè Larenks, Kansè Bwonch ak Kansè Poumon…Koz prensipal yo se fimen, fimen endirekteman, toksin ki nan anviwonman ak polisyon lè a an jeneral.
Enpak atravè mond lan
Yon etid ki reyalize an 2015 te di nan peyi ki pi pòv yo, kansè respiratwa yo pral konnen yo ogmantasyon ant 81 a 100% sou pwochen ane yo akoz polisyon ak fimen. Emisyon gaz solid lakoz 17% kansè poumon lakay gason epi 22% lakay fanm.
Faktè risk ak Prevansyon
Tip kansè sa yo ka atake nenpòt ki moun, men lap pi fasil pou se yon moun ki abitye fimen li pran. Moun ki gen yon moun nan fanmi yo ki te tip kansè sa yo gen gwo risk tou.
Pi bon fason pouf è prevansyon an se pa fimen, epi evite rete bò kote moun ki ap fimen.
7. Dyabèt/Maladi Sik
Dyabèt se yon gwoup maladi ki afekte pwodiksyon oubyen itilizasyon ensilin lan nan kò a. Gen Dyabèt Tip 1 kote pankreya a pa ka pwodui ensilin lan. Genyen Tip 2 a, kote pankreya a pa pwodui ase ensiling oubyen kò a pa rive byen itilize ensilin sa. Yo pa konnen kisa ki bay Tip 1 (li ka ereditè), tip 2 a li menm ka gen dives faktè tankou jan w manje, obezite…
Enpak atravè mond lan
Moun ki ap viv nan peyi ki pa gen gwo mwayen yo, gen anpil chans pou yo mouri ak yon konplikasyon maladi sa
Faktè risk ak Prevansyon
- Obezite
- Tansyon wo
- Granmoun
- Manke fè egzèsi
- Manje mal
Menm si w pa toujou ka fè prevansyon dyabèt, ou ka jere sentom yo pou yo pa twò ba w pwoblèm, lè ou fè spò epi byen manje.
8. Maladi Dyare (Dezidratasyon)
Dyare se lè w poupou omwen twa fwa nan yon sèl jounen. Si Dyare sa rete pandan plizyè jou, kò pral pèdi anpil dlo ak sèl. Sa ki pral mennen dezidratasyon, ki li menm ka lakoz moun lan mouri. Nòmalman se yon viris entestinal oubyen yon bakteri ki bay dyare a (yo soti nan dlo oubyen manje ki kontamine). Ou sitou jwenn dyare nan peyi pòv yo kote kondisyon sanitè yo pa twò bon.
Enpak atravè mond lan
Dyare se dezyèm koz prensipal lanmò timoun ki gen mwens pase 5 lane sou latè. Plis pase 80 mil mouri lakoz dyare chak ane.
Faktè risk ak Prevansyon
- Moun ki rete nan zòn ki gen move kondisyon sanitè
- Moun ki pa gen aksè ak dlo pwòp
- Laj (timoun pi fasil devlope fòm sevè a)
- Malnitrisyon
- Sistèm iminitè ki fèb
Pi bon fason pou w pwoteje w kont dyare, se genyen yon bon ijyèn. Byen lave men w ak sa w ap mete nan bouch ou ka redui ensidans dyare a plis pase 40%.
Menm si COVID-19 la ap frape anpil moun sou latè, li enpòtan pou nou pa bliye maladi sa yo ki ap touye milyon lòt chak ane. Se tout pou nou konbat pou nou amelyore lavi a.
Sous
- The Top 10 Causes of Death (https://www.who.int/en/news-room/fact-sheets/detail/the-top-10-causes-of-death)
- Stroke Facts (https://www.cdc.gov/stroke/facts.htm)
- Acute Respiratory Infection (https://www.healthline.com/health/acute-respiratory-disease)
- Everything You Need To Know About COPD (https://www.healthline.com/health/copd)
- Chronic Respiratory Diseases (https://www.who.int/health-topics/chronic-respiratory-diseases#tab=tab_1)
- Respiratory Cancer and Pollution (http://www.europeanreview.org/wp/wp-content/uploads/31-37.pdf)
- Diabetes, Facts, Stats and You (https://www.healthline.com/health/diabetes/facts-statistics-infographic#1)
- What is Alzheimer’s Disease (https://www.alz.org/alzheimers-dementia/what-is-alzheimers)
Diarrheal Disease (https://www.who.int/en/news-room/fact-sheets/detail/diarrhoeal-disease)