Eske Kowonaviris la se Maladi X, syantifik yo te pè a ?


Depi kèk ane, òganizasyon mondyal lasante te konn ap pale sou yon maladi potansyèl ki ta sipoze gen gwo enpak sou mond lan epi gen yon gwo nivo kontaminasyon...

Posted by Chrismy Augustin March 26, 2020

Depi kèk ane, òganizasyon mondyal lasaate te konn ap pale sou yon maladi potansyèl, yo rele Maladi X. Maladi sa, si nap suiv sa yo te konn di te sipoze gen gwo enpak sou mond lan epi gen yon gwo nivo kontaminasyon. Non sa yo te kòmanse adopte l nan lane 2017, li ta sipoze tout maladi ki ap devlope (jouk rive nan nivo epidemi ou plis) men syantifik yo pa ko byen konnen l. Aprè preske 3 mwa nou ka di, Nouvo fòm coronaviris la ak maladi li bay la (covid-19) se yon gwo kandida. Si nap analize enfòmasyon ki disponib sou maladi sa, nan mannyè li pwopaje ak devlope, li se yon maladi ki montre anpil mistè. Lè maladi a frape w ou ka pa menm konnen oubyen siy li baw yo fèb nan premye semèn lan epi nan dezyèm semèn/twazyèm li evolye li vin grav e moun lan ka menm mouri. Nan mwens pase 3 mwa, maladi sa atake plis 80150 moun, li tiye plis pase 2700 moun, li atake plis pase 40 peyi ak yon bato ki te gen ladan l 3711 pasaje. Nan kèk kote tankou Iran, Kore disid ak Itali, chif yo grandi anpil nan dènye jou. Plizyè syantifik kòmanse pwononse yo sou enkyetid yo fas ak viris la ki pou yo pa lwen kategori Maladi X la. Marion Koopmans, chèf prensipal sèvis viroloji nan «Erasmus University Medical Center» nan peyi Lawoland e youn nan manm komite Oganizasyon Mondyal Lasante a di « Menm si nou ta rive kanpe oubyen eseye konteni ekspansyon viris la, se ap premye fwa nou gen yon bagay ki pwòch karaktè maladi X la konsa ». Jan nou di l la, viris la kounya touche plis pase 40 peyi, e gen kèk grenn nan peyi sa yo ke yo pa rive jwenn okenn lyen ak Lachin nan yo. Sa vle di viris la rive sou teritwa a, pandan pa gen okenn moun ki te sot Lachin ki transpòte l dirketeman nan peyi a. Yon ti Istorik Avan tout bagay, li enpòtan pou nou raple, Coronaviris la se pa yon sèl viris men se yon gwoup viris. Avan gen sa ki ap fè ravaj nan moman an, te gen lòt fòm viris la tankou MERS (ki touye 858 moun ant 2012 a 2019) ak SARS (ki tiye 776 moun nan lane 2002), fòm sa nou genyen kounya a rele « Coronavirus disease (COVID-19) ». Li vrèman diferan li menm, li pa suiv menm liy ak sa ki te vin avan l yo : Avan viris sa yo te gen yon transmisyon kote yo soti lakay bèt pou yo ale lakay moun. Kounya li ka soti lakay bèt pou ale lakay moun, li ka soti lakay yon moun pou li ale lakay yon lòt. Yon moun ka bay yon lòt viris la, san li pat prezante okenn sentòm avan. Sa vle di, viris sa ka pwopaje pandan moun ki genyen l lan, nan peryòd enkibasyon an toujou. Kijan l te kòmanse ? Premye rapò yo di, youn nan premye ka yo rankontre yo, kòmanse ak yon gwoup ka ki te devlope nan yon fanmi. Nan yon vilaj ki rele Anyang nan peyi Lachin. Kote ta gen yon demwazèl 20 lane ki te pran viris la, mem ki pat konnen (paske sentòm yo pat ko parèt). Demwazèl sa kèk jou anvan sa tale (swa 8 janvye-9janvye) nan yon zòn yo rele Wuhan (se li ki pwen reperaj prensipal viris la). Li rantre lakay li nòmalman san okenn pwoblèm, lakay li gen 5 lòt moun. Yon semèn apre, tout moun sa yo vin kòmanse gen divès malèz tankou : « Pwoblèm pou respire, Tous, Fyèv… ». 6 moun sa yo, lè bagay la vin ap dejenere ,vin ale lopital e se la yo pral vin dekouvri se viris la ki atake yo. Pandan menm moman an, kèk nan moun ki te rankontre 6 moun sa yo avan yo te ale lopital la, vin kòmanse ap gen menm malèz sa yo tou e moun sa yo, siman te kontamine lòt moun. Nòmalman COVID-19 la gen yon to mòtalite (2-3%) ki enferyè fas a zansèt li yo tankou SARS la ki te 9%, men li gen yon pi gwo kapasite kontaminasyon. Menm si chif yo montre pifò (70%) pasyan yo prezante sentòm ki pa sevè kidonk yo gen plis chans pou yo sove depi yo jwenn bon jan laswenyaj. Men sou chak 7 pasyan, gen omwen youn ki prezante gwo sentom tankou nemoni, pandan gen 5% ki yo menm jwenn yo nan yon ka ki kritik anpil avèk : « Ensifizans respiratwa, chòk septik, ensifizans nan kèk lòt ògan… » Yon maladi ou pa ka predi aksyon l ? Nòmalman, se granmoun ak moun ki ap viv ak yon maldi kronik (Dyabèt, Tansyon, Opresyon…) ki plis risk pou maladi ta atenn yon nivo grav lakay yo. Men depi plizyè semèn lide sa chanje, depi kèk pasyan nan peyi Sengapò ki pat okenn kondisyon kwonik lakay yo, rive devlope fòm sevè maladi a. Met sou sa, Li Weliang, yon doktè (oftalmològ) ki te youn nan premye moun ki te pale ak avèti mond lan sou Maladi sa…mouri nan kòmansman mwa Fevriye a malgre li te resevwa tout swen posib yo : « antikò, ‘antiviral’, antibyotik, oksijèn, yo te menm ponpe san l nan yon poumon atifisyèl ». Malgre sa li mouri kan menm, e doktè a daprè analiz ki te fèt anvan yo te nan yon bon kondisyon sante, men nan sèlman 2 jou maladi ki pat grav lakay li pase nan nivo ki pi grav li. Sa ki montre, jan li difisil pou w prevni ki wout maladi a ap pran e sa bay gwo pwoblèm nan trètman an. Si nap baze nou sou sa ki di yo, li vrèman enpòtan pou tout moun kòmanse prepare yo. Madi 25, youn nan reprezantan OMS yo di, « Tout peyi sipoze prepare yo, paske COVID-19 la kòmanse frape nan tout pòt ». Jiska prezan pa ko gen okenn trètman sètifye kont viris la. Menm si mond lan rive bloke COVID-19 la, li enpòtan pou nou konnen gen lòt viris ki ka pi grav ki ap deyè toujou, paske mond lan pa prepare. Gen kèk gwo non tankou Bill Gates ki te prevni nou deja. Chrismy Augustin Zafè Sante (Atik sa ap kontinye modifye avèk nouvo enfòmasyon yo) (2/25/2020) KONBYEN KA CORONAVIRIS KI KONFIME ? (2/26/2020) : 81.228 KONBYEN MOUN KI NAN KONDISYON GRAV ? : 8.867 KONBYEN MOUN KI MOURI ? : 2.770 KONBYEN MOUN KI NAN BON KONDISYON ? : 30.359 KONBYEN PEYI KI AFEKTE ? : 43



Posted by Chrismy Augustin March 26, 2020



Posted by Chrismy Augustin March 26, 2020