FIMEN HOOKAH, èske li san danje?


Depi kèk lane, Hookah (shisha Fubar li ye ii dò!) ap konnen yon asansyon sosyal konsiderab nan divès peyi, tankou lakay nou Ayiti. Youn nan rezon ki bal plas sa, se lide ki ta vle fè konnen li pote mwens danje lakay moun pa rapò a sigarèt...

Posted by Chrismy Augustin Aug. 8, 2020

Depi kèk lane, Hookah ap konnen yon asansyon sosyal konsiderab nan divès peyi, tankou lakay nou Ayiti. Youn nan rezon ki bal plas sa, se lide ki ta vle fè konnen li pote mwens danje lakay moun pa rapò a sigarèt ke nou ka di li ranplase. Poutan se pa vre, lafimen hookah a gen ladan l preske tout eleman kanserijèn ou ka jwenn nan sigarèt yo, men kantite sa ka plis oswa mwens nan hookah a. Men nivo inalasyon a pote yon diferans, ekspozisyon ou ka jwenn nan Hookah a sigjere li ka pote plis danje pase sigarèt la. E nou tout konnen jan sigarèt danjere, li ka mennen divès kalte pwoblèm tankou kansè nan poumon, kansè nan lestomak, kansè nan ezofaj, elatriye.

 

 

Hookah, nan demografi li

Menm jan ak sigarèt la a yon epòk, pratik Hookah a makònen ak pratikman menm demografi a, moun ki soti nan zòn 15 lane pou rive 33 lane yo sitou. Avèk yon preferans nan 2 gwoup prensipal:

1- Etidyan nan inivèsite yo ki reprezante majorite a

2- Jèn ki rive nan fen oubyen ki ap boukle etid klasik yo, sa ki fè sans paske yo pral gen tandans ap repwodui sa pi gran ki nan inivèsite yo gen kòm pratik

 

Kisa ki Hookah a?

Pou sa ki pa ta konnen yo, se yon melanj tabak (ki konn gen savè fwi) yo rale atravè yon sòt pip dlo. Nan fòm tipik li, anlè a wap jwenn yon tèt epi nan baz la fet tankou yon bòl ki gen dlo epi gen yon strikti metalik ki relye de pati sa yo. Ap gen kèk moso chabon sou tèt la ki pral chofe tabak la ki li menm pral pase nan dlo (likid) la avan li pase nan pip moun ki ap rale l la. 

 

Li gen divès lòt non tou, gen kote yo rele l “shisha”, gen lòt kote se “goza”, nan lang franse a li menm se “nargilé” yo di.

 

Hookah, malgre li pran yon gwo popilarite dènye tan yo, li pa jèn vre. Gen evidans ki montre li te egziste menm avan Jezi Kris.

 

Poukisa li ka pi danjere pa rapò ak sigarèt?

Malerezman pou anpil moun ki te panse kontrè yo, hookah ka malerezman pi danjere pa rapò ak sigarèt.

A- Toksin ak Eleman Kanserijèn

Daprè CDC (Center for Disease Control), Hookah ta dwe omwen toksik nan menm nivo ak sigarèt. Dlo ki nan Hookah a pa filtre sibstans toksik yo vre, kidonk menm jan chaje sibstans toksik nan sigarèt la se menm bagay pou li tou. 

 

Daprè yon seri etid ki reyalize ant lane 1991 a lane 2014, yo dekouvri hookah gen ladan l omwen 27 sibstans kanserijèn tankou asenik, kobalt, kromyòm…(men konsatrasyon sa yo pa fòseman menm, genyen ki plis prezan nan sigarèt epi ki pa twò prezan nan Hookah a)

 

Pa egzanp gen monoksid kabòn ki plis prezan nan fimen Hookah (ki ka bay pwoblèm nan kè), gen Bennzèn ak sa yo rele gwo nivo PAH yo (polycyclic aromatic hydrocarbon) ki plis prezan nan Hookah a. Pandan gen lòt sibstans tankou nitrozamin yo ou plis jwenn nan sigarèt…

 

B- Ou rale plis lafimen

Youn nan rezon ki fè Hookah ka pi mal pase sigarèt se kantite lafimen ou rale a. Nan yon sèl seyans ap fimen Hookah ki ka dire an mwayèn 1èd tan, yon moun ka fè preske 200 paf hookah pandan pou yon grenn sigarèt se apeprè 20 paf. Kidonk yon sesyon pratikman egal ak yon pòch sigarèt. Si w ta vle mete chif sa yo pi klè, nan yon sesyon hookah yon moun rale 90.000 ml lafimen an konparezon ak yon grenn sigarèt ki bay 500 ml.

 

C- Yon toksin inik

Akoz chabon ki la pou chofe tabak la, lè yon moun rale yon paf nan Hookah a lap gen anpil chans pou rale monoksid kabòn tou, ki se yon konpoze ki ase danjere sitou pou kè a.

 

D- Nivo ou rale lafimen an

Lè wap rale lafimen Hookah a li rive pi lwen nan poumon an pa rapò ak lafimen sigarèt la. Avan sigarèt te gen filtè ladan l, moun pat konn rale l lwen konsa, e lè sa li te konn bay yon fòm kansè ki rele kasinom, e lè sa kansè sa te pi fasil pou dekouvri depi nan premye stad li a. Avèk filtè, yo vin ajoute nan sigarèt, li vin rive pi lwen nan poumon an, e li bay yon lòt fòm kansè ki rele adenokasinom ki rive nan periferi poumon an e li trè difisil pou dekouvri l avan dènye stad li a, menm sentom yo se lè bagay la gentan byen grav yo parèt.

 

Donk kòm Hookah a gen tandans al pi lwen nan poumon an, nou ka spekile li ka bay plis pwoblèm pi devan.

 

E- Adiksyon

Nan sigarèt la se Nikotin lan ki aji sou sèvo a a ki mennen adiksyon an, enben menm jan ak sigarèt la Hookah a gen nikotin ladan l tou. Aprè sa gen yon lòt bagay ki rele tar (pwosesis chofe tabak la) ki plis prezan nan hookah a pa rapò ak sigarèt la ki jwe yon wòl nan sa tou.

 

F- Pran Pwa / Obezite

 

Menmsi yo souvan asosye pèdi pwa ak fimen sigarèt, se pa twò menm bagay la pou fimen Hookah. Daprè yon etid ki reyalize nan sans sa, yo dekouvri Hookah gen lyen avèk Obezite lakay moun ki fimen li yo (nenpòt ki laj)

 

G- Risk Enfeksyon

Yon dènye diferans ki genyen ant fimen hookah ak fimen sigarèt ankò se risk pou w devlope enfeksyon. Pandan sigarèt la souvan se yon sèl moun ki ap fimen li poukont li, se pa menm bagay la pou Hookah ki ka gen nenpòt 10 bouch ki pase ladan l. Kidonk bakteri oubyen viris ki ta nan bouch youn nan moun sa yo ka pataje ant lòt yo, youn nan sa ki ka pi fasil pou jwenn yon se viris èpès la.

Risk pou devlope Kansè

Si gen anpil nan sibstans yo jwenn nan sigarèt ki lye ak devlopman kansè ki prezan nan Hookah tou, li evidan Hookah ka pote anpil latwoublay ki mennen a kansè lakay yon moun.

 

1- Kansè nan Poumon : Plizyè nan sibstans kanserijèn ki pote kansè poumon nan sigarèt la prezan nan Hookah a tou, kidonk Hookah ka bay kansè nan poumon. Daprè yon etid ki reyalize nan peyi Lend, yo jwenn yon moun ki fimen Hookah gen 4 fwa plis chans pou li ta devlope fòm kansè sa pa rapò ak youn ki pa fimen l.

2- Kansè nan Ezofaj: Gen plizyè etid ki baze sou prensip, eleman sigarèt yo pou mete posibilite pou Hookah ta ka pote tip kansè sa tou.

3- Kansè nan Tèt

4- Kansè nan bouch: Tabak la ap irite tisi ki nan bouch la ak gòj la sa ki malerezman pral lakoz devlopman enflamasyon ki li menm ka mennen kansè nan bouch la.

5- Kansè nan lestomak: Gen kèk nouvo etid ki montre lyen an Kansè nan lestomak ak fimen Hookah lakay kèk moun, menm jan ak predispozisyon pou devlope tip kansè sa.

6- Kansè nan Vesi : Divès etid epidemyolojik asosye kansè nan vesi ak fimen Hookah. Dayè nan kèk peyi tankou Etazini, 50% nan ka kansè nan vesi yo asosye ak fimen sigarèt.

 7- Kansè nan Pankreya: Divès etid montre lè wap fimen Hookah ou gen risk devlope kansè nan Pankreya, mete sou li fimen Hookah ka lakoz yon moun devlope maladi nan jansiv e maladi sa yo se souvan yon faktè devlopman kansè pankreya.

8- Lesemi : Nan fimen Hookah, ou ka pran Bennzèn ki ka mennen divès tip kansè ki atake san an tankou AML (Acute Myelogenous Leukemia). 

 

Li bonè toujou pou konnen nan ki nivo, Hookah ka mennen kansè lakay yon moun, paske nouvo esò li pran relativman resan. Men ou ka itilize sa ki pase ak sigarèt yo ki sanble avèk li, pou konprann sa l ka pote.

 

Kèk lòt enfòmasyon

Apre Kansè, gen anpil lòt maladi/pwoblèm fimen hookah ka bay ankò tankou : maladi kè, akouchman prematire, anfizèm, maladi nan poumon tankou COPD, osteyopowoz, enfètilite ak konplikasyon nan gwosès.

 

Menm jan avèk sigarèt, Hookah a pa sèlman yon danje pou moun ki fimen l yo, li se yon danje tou pou moun ki ta rapwoche ak moun ki ap fimen li yo, menm si yo menm yo pa fimen. Yo ka gen anpil nan pwoblèm yo tou.


 

Chrismy Augustin


 

Sous

 

  1. https://pediatrics.aappublications.org/content/134/2/227
  2. https://link.springer.com/article/10.1007/s10900-018-0502-4
  3. https://www.scitechnol.com/peer-review/hookah-use-and-perceptions-among-young-adult-hookah-users-Qq58.php?article_id=7531
  4. https://tobaccocontrol.bmj.com/content/24/Suppl_1/i22
  5. https://cebp.aacrjournals.org/content/22/5/765
  6. https://www.mdpi.com/2308-3425/6/2/23
  7. https://www.ncbi.nlm.nih.gov/pubmed/21545223
  8. https://doi.org/10.1002/ijc.28344
  9. https://doi.org/10.1158/1055-9965.EPI-14-0576
  10. https://doi.org/10.1136/tobaccocontrol-2014-051908
  11. https://doi.org/10.3390/ijerph6020798
  12. https://doi.org/10.1136/tobaccocontrol-2013-051206

 



Posted by Chrismy Augustin Aug. 8, 2020



Posted by Chrismy Augustin Aug. 8, 2020