Ki Kantite « Matyè Fekal » ou Pwodui nan Lavi a ??


Toutotan wap avanse nan lavi, se toutotan wap fè (akeri) eksperyans, eben se menm jan an tou wap ogmante kapital kaka/tata ou kaka/tata nan lavi a.

Posted by Chrismy Augustin July 9, 2020

Toutotan wap avanse nan lavi, se  toutotan wap fè (akeri) eksperyans, eben se menm jan an tou wap ogmante kapital kaka/tata ou kaka/tata nan lavi a.

Lè yon moun al nan twalèt, kantite matyè li pwodui a varye…Gen faktè tankou laj moun lan, gwosè li, sa lap manje avèk aktivite li pratike ki rantre nan jwèt la, ki pral define kòman sa lap pwodui a ye nan konsistans li pa egzanp.

Men ki kantite matyè « fekal »yon moun pwodui nan lavi l an jeneral ?

Pwodiksyon matyè “Fekal” se yon pati esansyèl nan travay dijestif tout bèt fè sou latè, e se menm jan an pou moun tou. Otomatikman kò a fin pran nitriman ki esansyèl pou li yo nan manje avèk bwason ou konsome yo, rès bagay yo pral elimine sou fòm pise/pipi oubyen kaka/tata. Kaka lèzòm pwodui a, lè li an sante, li gen 70% solid ladan l ak 30% fliyid. 

Yon lòt kote, gen rechèch ki montre, an mwayèn, moun (nenpòt jan) pwodui 400 a 500 gram matyè chak jou sou late. Yo rive jwenn tou, a ki vitès li pwodui tou…Vitès la se anviwon 2 santimèt pa segonn (lakay yon moun ki ta konstipe chif sa ap diferan lontan). Yon moun nòmalman ta dwe pran 12 segonn pou li pwodui yon sesyon matyè konplè nan kondisyon nòmal yo. Kounya pou w jwenn kantite a pa rapò ak lavi yon moun fòk echèl sa elaji. 

Si nap konsidere nan baz la, chak moun pwodui anviwon 400 gram matyè chak jou ki pase, sa tou ka vle di nan yon semèn moun sa ap bay anviwon 2.6 kilogram. Si nap konsidere kounya yon lane, yon grenn moun sipoze pwodui an mwayèn 145 kilogram matyè (sa ki reprezante pwa yon goriy pa egzanp). 

Nòmalman si w leve epi ap viv Ayiti, ou ta dwe ka (an mwayèn ) viv rive jouk 63 lane si w se yon gason epi rive 68 lane si w se yon fanm. Kidonk, yon gason ki viv rive 63 lane ta dwe pwodui anviwon 9135 kilogram matyè, pandan yon fanm ki viv rive 68 lane ta dwe pwodui li menm anviwon 9860 kilogram matyè (sa se pwa anviwon 12 jiraf). 

An nou ale pi lwen pou nou wè enpòtans chif sa yo. Yo te dekouvri (gen kèk lane) nan pi gwo montay ki genyen nan Amerik dinò a “Denali”, vizitè yo te kite dèyè do yo plis pase 100.000 (san mil) kilogram matyè ant lane 1951 a lane 2012. Lè yo rive anlè a, yo fè bezwen yo san yo pa panse a konsekans yo. Men tout kantite matyè “fekal” sa pa janm vrèman dekonpoze aprè tout lane sa yo, sa ki vin mete zòn sa nan yon kriz paske avèk pwoblèm rechofman klimatik la, anpil nan dechè sa yo ap desann dirèkteman nan direksyon dlo lanmè a ki sèvi preske 731.545 moun (popilasyon Alaska a). Si nou ta vle devlope refleksyon sa mond lan an jeneral, bagay la pi grav toujou.

Sou latè, yo konsidere gen plis pase 4 milya moun ki pa gen aksè a konfò modèn lè yo bezwen fè bezwen yo. Kidonk pifò moun sa yo fè bezwen yo konsa nan lanati sa ki vin lakoz gen plis pase 200 milyon tòn matyè ki pa pase kote yo ta dwe pase a e ki vin dirije yo nan lanmè nou yo, lak nou yo, rivyè nou yo, sous dlo nou yo an jeneral.

Rezilta a vin baw, anviwon 2 milya moun ki ap konsome dlo ki kontamine sa sou latè. Nou tout konnen depi gen move jesyon sanitè, sa ap mennen anpil enfeksyon, maladi oubyen menm pwoblèm nan sistèm sante piblik peyi a oubyen rejyon an jeneral, sitou lakay timoun yo.

Matyè Fekal oubyen Twalèt, Tata, Kaka…

Chrismy Augustin

Sous

  1. https://www.megainteresting.com/health/gallery/interesting-facts-about-poo-901573407478/3
  2. https://www.un.org/en/events/toiletday/
  3. https://www.nps.gov/articles/denali-human-waste.htm
  4. https://data.worldbank.org/indicator/SP.DYN.LE00.IN?locations=HT

Foto ki itilize pa pou nou, se pou Getty Images.

 

 

 

 



Posted by Chrismy Augustin July 9, 2020



Posted by Chrismy Augustin July 9, 2020