Ansent (sa yo ka rele konsepsyon yon timoun) rive lè spèm yon gason al rankontre (sa bay yon pwosesis ki rele fètilizasyon) ak ze yon fanm, nan aparèy repwodiksyon fanm sa. Pou kèk fanm sa kap fèt byen rapid, pou kèk lòt sa pran plis tan. Chif yo di sou chak fanm ki pral eseye fèt pitit (vin ansent) se sèlman anviwon 70 a 85% kap rive fè sa nan lespas yon lane. Rès 25 a 30% an ap pran plis tan, e kèk fwa ka menm bezwen èd spesyalis pou fè sa… Pou w konprann prensip konsepsyon an li enpòtan pou w konprann sa yo rele « Sik Manstriyèl » lakay yon fanm. Sik sa kòmanse nan premye jou fanm lan gen règ li (pandan sik la) epi yo konsidere li bout nan premye jou nan pwochen sik la. Sik sa nòmalman pran 28 jou, men lakay kèk moun li pran plis tan se menm jan li pran mwens lakay kèk lòt. Ou (fanm) gen plis chans pou w ansent si w fè bagay (san kapòt, asire nou moun lan pa gen okenn maladi tou) yon jou avan ovilasyon an oubyen jou ovilasyon an menm. Jou sa nòmalman se 14èm jou aprè denye fwa ou te gen règ ou, si sik manstriyèl ou a se yon sik 28 jou li ye. Nan ovilasyon an, aparèy repwodiksyon fanm lan ap lage yon ze, ze sa ap viv an 12 a 24èd tan, kidonk pou ou ka ansent, fòk fètilizasyon (kontak ak spèm gason an) an fèt nan moman sa. Spèm gason an nomalman li ka viv jiska 7 jou anndan aparèy repwodiksyon fanm lan, sa vle di si w te fè bagay pandan semèn (jiska 7 jou) avan ovilasyon ou an, gen anpil chans pou spèm gason an te gentan ap tann ze a lage pou l ka fètilize l. Sèl difikilte ki ka rankontre se konnen kilè ovilasyon an ap rive, e pou sa fòk ou ap veye sik manstriyèl la pou w wè koman abitid li ye. Jounen jodiya a ak avansman teknoloji a gen kèk aplikasyon ki ka ede w nan sans sa, youn nan pi bon yo rele “FLO” ou ka jwenn li sou store swa Android, swa Apple. Sous Mayo Clinic (https://www.mayoclinic.org/healthy-lifestyle/getting-pregnant/in-depth/how-to-get-pregnant/art-20047611) Tommy’s (https://www.tommys.org/pregnancy-information/planning-pregnancy/how-get-pregnant/timing-sex-pregnancy) Webmd (https://www.webmd.com/baby/features/getting-pregnant-faster) Healthline (https://www.healthline.com/health/sex-for-pregnancy)