Genyen nan nou ki te konnen repons lan deja konsa tou genyen ki resevwa resèt yo san eksplikasyon.
Pifò sa nap manje oubyen nou keyi nan lanati genyen mwayen defans pesonèl pa yo, pou pwoteje tèt yo kont agresyon. Genyen nan konpoze sa yo ki nuizib pou lèzòm. Zansèt yo avan nou te jwenn metòd pa yo pou elimine oswa diminye fòs sibstans ki danjere sa yo epi konsève pati ki bon yo.
Pwa kri gen yon toksin ladann ki rele Lèkin(lektin). Men se pa sèlman li.
Lèkin (lektin) se yon fanmi pwoteyin nou jwenn nan plant ak zannimo nou konn abitye manje yo. Nan fanmi sa genyen ki pa deranje moun konsa tou genyen ki toksik anpil epi ki ka bay gwo pwoblèm sitou lè kantite a wo.
Lèkin (lektin) ki lakay bèt yo jwe divès wòl nan fonksyonman fizyolojik nòmal kò nou. Men lèzòm gen difikilte pou li dijere kèk lèkin (lektin) tankou sila ki lakay plant yo.
Asid ki responsab dekonpozisyon manje yo nan lestomak nou paka fè reyaksyon sou lèkin (lektin)ki nan pwa a lè li pa kuit. Li rive fè wout la san li pa degrade pandan li ap fè anpil dega.
Li se yon anti-eleman nitritif, yon konpoze ki entèfere ak bloke absòpsyon eleman nitritif ki ap bon pou kò a, li lakòz pwoblèm nan sistèm dijestif la, li kreye yon pèmeyabilite entestinal, ak twou ki pèmèt anpil bagay ki pata dwe travèse miray (san an ) la, ale nan san. Nòmalman, selil yo konn repare ti domaj yo avan yon pwoblèm vin pi grav, men Lèkin (lektin) nan konfòme li ak miray zantray la sa ki anpeche reparasyon sa yo fèt.
Pwa kri gen lakay yo, yon eleman ki toksik anpil, ki rele "phytohemagglutinin". Se Pwa rouj la ki genyen l plis. Men lè yo kuit li sa chanje, chalè a reprezante yon zam ki elimine pifò nan pwazon an.
"Phytohemagglutinin" nan ka anpeche selil dijestif yo fè travay yo epi antrave reyaksyon yo. Li ka anpeche selil lestomak yo travay pou fè asid ki nesesè pou dijestyon an, epi fasilite akimilasyon bakteri ki ka anpeche absòpsyon eleman nitritif yo byen fèt.
Gras ak teknoloji, lakizin nou vin gen plis aparèy, sa ki ba nou anvi chanje pratik granmoun yo te ba nou yo. Menm si ou anvi fè eksperyans , evite fè enpridans. Pwa dwe kuit ak yon tanperati kap pèmèt ou elimine toksin nan. Li paka prepare nan aparey ki ap fè li kwit dousman. Si Pwa pa byen kwit li ka bay: Gwo vant fè mal, Dyare, kè plen ak vomisman.
Paske kò nou paka dijerel, lap abime aparèy dijestif la epi pwovoke enflamasyon. Gravite pwoblèm lan pral depann, kantite moun nan te manje a.
Premye mwa nan lavi yon timoun karakterize ak yon fenomèn ki konn fè timoun nan pran abitid mete nenpòt bagay nan bouch li pou li ka devlope pwosesis idantifikasyon bagay yo. Li enpòtan pou nou pa kite yo kontre ak bagay ki ka fè yo soufri.
Nan kontèks sa a fòk nou evite mete sak manje kri kote timoun ka rive. Paske omwen 5 grenn pwa kri ka lakòz lanmò.
Tout sa kò a bezwen disponib nan anviwònman, menm si kèk eleman gen kote ki danjere nan yo, sa pa elimine tout bon kote pozitif yo. Toujou pran prekosyon epi chèche enfòmasyon sou yo. Yon rejim alimantè balanse ak bon pratik nitrisyonèl pèmèt nou asire yon distribisyon kòrèk eleman nitritif, kò a bezwen pou li kapab fonksyone.
Se mèt kò ki veye kò. Proteje tèt nou, proteje timoun yo !
Neïsha Etienne
Sous
- https://www.hsph.harvard.edu/nutritionsource/anti-nutrients/lectins/
- https://selfhacked.com/blog/phytohemagglutinin/
- https://pubmed.ncbi.nlm.nih.gov/12223269/
- https://www.drfuhrman.com/elearning/eat-to-live-blog/147/the-real-story-on-lectins
- https://www.healthline.com/nutrition/dietary-lectins