Mwen sot manje yon bagay ki espire, sak ka rive?


Eske sa rive w deja, pou w manje yon bagay ki ekspire ? Tankou yon pen, yon bagay ki te nan bwat konsèv, elatriye. Oubyen èske ou se yon moun depi ou ta wè dat ekspirasyon yon pwodui rive ou tou jete l paske ou tou estime pwodui sa pa bon ?

Posted by Chrismy Augustin June 13, 2020

Eske sa rive w deja, pou w manje yon bagay ki ekspire ? Tankou yon pen, yon bagay ki te nan bwat konsèv, elatriye. Oubyen èske ou se yon moun depi ou ta wè dat ekspirasyon yon pwodui rive ou tou jete l paske ou tou estime pwodui sa pa bon ? E si nou te di w pwodui sa yo, sa ki atenn dat ekspirasyon yo, dat pou yo te vann oubyen dat pou yo te rete nan frizè a, pa toujou move pou ou oubyen sante w ?

Daprè USDA (Depatman Agrikilti nan peyi Etazini), pifò dat ki ekri sou anbalaj pwodui yo sitou gen rapò avèk kalite pwodui yo men li pa gen rapò ak sekirite vant ou. Sa vle di pifò pwodui sa yo pap fè w mal si w manje yo men yap pi souvan gen move gou.

Nòmalman pi bon fason pou w konnen si yon pwodui ka gen efè sou sante w, se pou w ta gade si l gen mwazisi sou li oubyen li degaje yon odè ki dezagreyab anpil, anpil fwa ou menm ki konsomatè a ka pa rive wè oubyen pran sant bakteri ki ta ka gen efè sou sante w la, se pou sa, depi ou ta jwenn de karakteristik sa yo li tap bon pou w jete l. 

 

Men 5 bagay ki plis ka rive, si w konsome yon pwodui ki ekspire

  1. Anyen pa rive w

Li siman pote anpil soulajman pou w konnen ke gen anpil chans pou anyen pa rive w siw konsome yon bagay ki atenn dat ekspirasyon li. Men sa pa vle di, pou w toujou ap  fè sa.

 

Nan anpil manje ki gen dat ekspirasyon, dat sa yo sitou gen rapò ak frechè pwodui a pa rapò ak sa li ka fè w. 

Sa sitou evidan pou manje ki pa perisab yo tankou sa ki nan bwat konsèv yo ak sa ou dwe konsève nan frizè yo… (Eske w te konnen entoksikasyon alimantè pa grandi nan frizè ?

 

Daprè depatman agrikilti nan peyi Etazini, pou nenpòt kantite ou ta mete yon pwodui konsève nan frizè, wap toujou kapab konsome l, li ka vin sèch oubyen li pa gen menm gou a men li pap fè w anyen.

 

Daprè USDA a, pifò aliman ou ka konseve nan gad manje yo pratikman pap janm fè w anyen, nenpòt lè ou ta konsome yo a, si nou kenbe yo nan bon kondisyon. Pa egzanp, aliman ki nan bwat konsèv yo ka rete la pou plizyè ane depi bwat la byen konsève (li pa frape, li pa pete…). Aliman ki nan bwat katon yon tankou : « konflèks, pasta oubyen bonbon » pap fè w anyen menm aprè dat ekspirasyon yo a men yo ka devlope yon gou diferan.

 

Manje ki pasterize yo, pa dwe nòmalman fè w anyen tou, paske avèk pwosesis pasterizasyon an pifò bakteri ki ta ka gen yon move efè sou sante w yo tou mouri. Se poutèt sa yo pa konseye yon fanm ansent konsome yon aliman ki pa pasterize. Sa konn rive tou pou gen kèk pwodui pasterize ki gate menm avan dat ekspirasyon an rive, daprè yon etid ki te fèt nan inivèsite Cornell nan peyi Etazini, sa souvan rive lè te gen yon omwen yon bakteri (yo pa wè) ki rantre nan pwodui a aprè pwosesis pasterizasyon an.

  1. Entoksikasyon Alimantè

Entoksikasyon alimantè se  yon bagay anpil moun viv deja. Li ka baw sentom divès sentom tankou fyèv, dyare, frison, doulè vant, dyare, noze ak vomisman. Entoksikasyon alimantè ka gen pou koz nan zafè manje ekspire, pwoliferasyon bakteri yo.

Men anpil fwa se aliman ki perisab yo tankou ze, vyann, fwi ak legim, avèk devlopman mwazisi, asidite, koulè ak teksti dwòl ak vye lodè ki Mennen sa.

 

  1. Ekspozisyon a yon seri bakteri ki danjere

Entoksikasyon alimantè a ka vin sevè tou, sa rive lè ou rankontre ak yon dal move bakteri tankou « Listeria, Camphylobacter entiritis, E.coli, Vibrio Cholerae, Staphylococcus aureus, Salmonella ak Shigella…

Li enpòtan pou konnen tou, viris pa ka grandi nan manje kidonk yo pa ka gate manje, se bakteri ki sitou ka fè sa. Malerezman anpil nan bakteri sa yo ka Mennen yon dal konsekans tankou gwo malady, al lopital e menm lanmò…

Nòmalman bakteri yo konn bay pwoblèm nan lestomak tankou vomi, pandan kèk lòt tankou Listerya a ka bay lòt pwoblèm tankou kou ki vin rèd, konfizyon, pèdi balans/ekilib, konvilsyon, fyèv ak doulè miskilè.

 

  1. Pwodui yo pèdi vale nitrisyonèl yo

Pandan manje yo ka pèdi nan kalite yo epi devlope yon vye gou lè dat ekspirasyon an rive, youn nan bagay enpòtan ki pou note se jan aprè kèk tan manje sa yo ka pèdi valè nitrisyonèl yo tou. 

Pèt valè sa yo sitou evidan nan fòmil ki fèt pou nouri bebe ki gen mwens pase 12 mwa yo. 

Daprè yon etid, ki tap evalye valè nitrisyonèl fwi ak legim, yo dekouvri pèt valè nitrisyonèl pou pwodui sa yo rive tou, ant tan yo fè rekòlt la, tan yo mete pwodui sa yo konsève nan makèt yo (pa egzanp) ak tan konsomatè a pran pou li manje pwodui a. Sa vle di pwodui sa yo dwe konsome twò lontan aprè ou fin achte yo si w vle pran tout bon bagay yo, tankou vitamin…

 

  1. Yon dal gaspiyaj sou mache mondyal la

Avèk konfizyon ki konn genyen ak dat ekspirasyon yo, sa lako anpil manje jete atravè mond lan, manje sa yo te ka ede kèk lòt moun ki pa gen aksè a poutan. Yo estime chak ane gen ant 30-40% manje ki gaspiye nan mond lan.

 

Chrismy Augustin

 

Sous

  1. https://www.usda.gov/media/blog/2013/06/27/you-toss-food-wait-check-it-out
  2. https://www.fsis.usda.gov/wps/portal/fsis/topics/food-safety-education/get-answers/food-safety-fact-sheets/food-labeling/food-product-dating/food-product-dating
  3. https://www.nrdc.org/sites/default/files/dating-game-IB.pdf
  4. https://www.fsis.usda.gov/wps/portal/fsis/topics/food-safety-education/get-answers/food-safety-fact-sheets/food-labeling/food-product-dating/food-product-dating
  5. https://www.eatthis.com/foods-avoid-pregnant/
  6. https://foodsafety.foodscience.cornell.edu/sites/foodsafety.foodscience.cornell.edu/files/shared/documents/CU-DFScience-Notes-Milk-Pasteurization-UltraP-10-10.pdf
  7. https://medlineplus.gov/ency/article/001652.htm
  8. https://aggie-horticulture.tamu.edu/food-technology/bacterial-food-poisoning/
  9. https://www.ncbi.nlm.nih.gov/pmc/articles/PMC6604998/
  10. http://www.fruitandvegetable.ucdavis.edu/files/197179.pdf
  11. https://www.usda.gov/foodwaste/faqs

Picture credit : Food Network

 



Posted by Chrismy Augustin June 13, 2020



Posted by Chrismy Augustin June 13, 2020