Yon ajan lasante “Medsin Legal” mouri nan kad Covid-19 la aprè li te fin rantre nan kontak ak yon mò ki te gen viris la. Yo estime se premye ka yo jwenn konsa depi pandemi an komanse. 2 spesyalis nan domèn lan nan peyi Tayland (Won Sriwijitalai of the RVT Medical Center in Bangkok and Viroj Wiwanitkit of China’s Hainan Medical University) ekri yon lèt nan « Journal of Forensic and Legal Medicine) kote yo di : “Selon pi bon konesans nou, sa a se premye rapò sou enfeksyon COVID-19 ak lanmò nan mitan pèsonèl medikal nan yon inite medsin legal.” Avèk nouvèl sa yo tou estime, pwosedi dezenfeksyon ki fèt nan sal ki resevwa paysan COVID-19 yo, sipoze aplike tou nan inite medsin legal ak patoloji yo. Paske nan moman an pa gen okenn chif oubyen etid ki reyalize sou konbyen kò ki kontamine ki ka transmèt viris la bay lòt moun. Avèk plis pase 2 milyon (Johns Hopkins) moun ki enfekte ak viris la (15 Avril), Taylann repòte sèlman 2.643 ka malgre yo te youn nan premye peyi ki te jwenn ka viris la lakay yo aprè Lachin. Avèk lanmò pèsonèl lasante sa, sa fè kounya 2 falite yo anrejistre lakay pèsonèl medical la. Men li enpòtan pou moun konnen avèk premye ka transmisyon sa, se pa sèlman moun kap travay nan sèvis medsin legal yo ki a risk…Moun kap travay nan mòg yo, moun ka travay nan simityè, moun kap antere/transpòte mò yo a risk tou. Jiskaprezan pa gen anpil bagay yo konnen sou konbyen tan viris la ka viv lakay yon moun ki mouri oubyen nan ki kondisyon li posib pou kontaminasyon an fèt, men li klè kounya ke sa posib. Nan sans sa plizyè spesyalis tankou (Summer Johnson McGee of the University of New Haven) estime, nenpòt moun ki pral gen rapò ak kò yon mò kit e pozitif pou viris la sipoze gen ekipman pwoteksyon paske anpil nan moun kap travay nan sèvisi medsin legal yo pa egzanp, oblije ap travay anpil fwa pou yo jwenn koz lanmò yon dal moun, epi apre yap dekouvri se viris la ki lakoz sa e moun lan pat teste, sa ki mete yo nan gwo risk.Kidonk Otopsi ak tout lòt fòm envestigasyon sa yo prezante gwo risk pou moun sa yo. Nan sans sa, yo sipoze plis panche sou ka moun sa yo kap travay pou ede nou, men ki manke pwoteksyon.
Sous :
- Journal of Forensic And Medicine Legal (https://www.sciencedirect.com/science/article/pii/S1752928X20300718) - Johns Hopkins (https://coronavirus.jhu.edu/map.html) - https://www.newsweek.com/ - https://www.sciencetimes.com/articles/25287/20200413/scientists-confirm-first-case- coronavirus-spreading-corpses.htm